Apre tout prèv nou te wè yo… apre tout verite nou te tande yo… nou rive nan dènye swa konferans lan avèk yon kestyon ki chanje tout bagay : 👉 Ki espwa nou genyen jodi a ? Swa sa a ap mennen nou nan kè mesaj la : 👉 Rezirèksyon an se espwa nou jodi a Atravè Pawòl Bondye a (Women 6:4 ; 1 Pyè 1:3), nou pral konprann kijan rezirèksyon Jezi pa sèlman yon evènman nan tan pase… men yon reyalite ki bay lavi nou sans, direksyon, ak espwa pou demen. 📖 Kisa rezirèksyon an chanje nan lavi nou ? 👀 Kijan li bay nou fòs pou n viv jodi a ? 🔥 Poukisa li se sèl espwa nou genyen ? Swa sa a pa sèlman yon fen… 👉 Se yon repons 👉 Se yon apèl 👉 Se yon nouvo kòmansman 📡 Vin branche sou tout platfòm RTLCS Media LLC E vini viv dènye moman sa a avèk nou… Paske Jezi vivan… e espwa nou vivan tou ! ✝️🔥
08/04/2026
